2014
Avril, Me, Jen

Almay
Mounik
Kilti Kreyòl la soti nan zantray pey Ayiti a li gen yon gwo prezans,enpotans nan karayib la atravé diferan manifestasyon tankou penti,literati e nan mizik la.
Lang ak kilti Kreyòl la konseve nan Matinik, Gwadloup, Sent Lisi, La Dominik.nan Oryan peyi Kiba, Il Chechèl, Moriz, Ayiti elatriye.
Gen plis de 11 milyon moun ki pale Kreyòl la.
Malgre jan kilti sa blayi e devlope a, men li poko jwenn yon rekonesans, rèspè li merite a, pami kék nan rezon yo,gen yon fo imaj, move pwopagann nan près entenasyonal yo ak majorite kreyòlòfònn yo se mounn nwa e pi malere yo.
Nan Ka Kiba kilti Kreyò´l la poko rive pran plas li merite a. Nan oryan peyi a depi nan syèk pase yo te toujou genyen yon gwo vag moun ki te soti Ayiti, jounen jodiya desandan ayisyen sa yo kalkile nan plis ke 60.000. Jodiya yo kontinyen ap pale Kreyòl la ak lang panyonl la.
Se ta bon si ta genyen plis enstalasyon kiltirèl pou kenbe fè plis pwomosyon sou kilti e lang kreyòl l.

Kilti Kreyól la pa gen gwo prezans nan kontinan ewòp la ni nan langaj ewòpyen an si nou fè konparezon ak lòt kilti nan kontinan yo, sa ki genyen se yon vizyon de yon move Ayiti atrave nouvél ki parèt nan laprès entenasyonal yo k ap pale peyi Tyemond yo, toujou viktim ou detwi pa katastwòf natirèl yo, men sitou akòz politik mal menen pa kèk oganizasyon k ap bay èd Entenasyonal yo.
Pou tan se razonab,enpotan korije imaj ak kilti ki genyen sou peyi Ayiti a, anplis ankouraje pou ka genyen yon pèsèpsyon difer.

Siegfried Kaden . Komisè

scroll oben scroll oben

EKSPOZISYON

AYITI: "Viv revolisyon an"
Dokiman ekspozisyon an
BERTHA LEMUS (Kiba)

Inogirasyon
Va 02. Me 2014 • 17 tè
03. - 30.05
chak jou de 09 vè - 23 zè
EineWeltHaus
Schwanthalerstr. 80 RGB, Mounik
Ak kolaborasyon de Schauraum K3
EKSPOZISYON

AYITI: "Viv revolisyon an"
Penti
BERTHA LEMUS (Kiba)

Inogirasyon
Sa 26. Avril 2014 • 15 zè
27.04 - 01.06. Va, Sa, Di 15 -19 vè
Schauraum K3
Galeri at Modènn
Kottigstelzham 3, Simbach am Inn
Ak kolaborasyon de EineWeltHaus
IMAJ AK SON

Vodou Eksotik
Orijinal ak falsifikasyon, dokiman ak eksotism
KALLE LAAR (Mounik)

Je 17. Avril 2014 • 19 vè
Gasteig
Nan sal konferans bibliotek la.
Rosenheimerstr. 5, Mounik
EKSPOZISYON FOTO

Moun Kreyòl la
KARL HAIMEL
(Outrich)

Inogirasyon
Le 14. Avril 2014 • 19 vè

15.04 - 11.05 • 8 tè - 23 zè
Gasteig, Glashalle, 1. Etaj
Rosenheimerstr. 5, Mounik
KONFERANS

Vakabonday nan Literati
LOUIS PHILIPPE DALEMBERT (Ayiti ak Pari)

Me 11. Jen 2014 • 19 vè
Enstiti Franse
Kaulbachstr. 13, Mounik
ATELYE

Ki sa sinifye la kay?
ak Ines Cardoso-Schmidtlein (Mounik ak Kapverden) Siegfried Kaden (Kiba ak Mounik) Eva Becher (Mounik)

Je 22. Me 2014 • 19 vè
EineWeltHaus
Schwanthalerstr. 80 RGB, Mounik
FILM ak DISKIZYON

Sechèl
ALFRED GULDEN (Saarlouis)

Potoprens (Ayiti): anvan - apre trambleman tè a
HILARIO BATISTA FÉLIX (Kiba)

Ma 20. Me 2014 • 19 vè
EineWeltHaus
Schwanthalerstr. 80 RGB, Mounik
KONFERANS

Kreyòl - la yon kilti rezistans na Karayib la
HILARIO BATISTA FÉLIX
(Kiba)

Je 15. Me 2014 • 19 vè
EineWeltHaus
Schwanthalerstr. 80 RGB, Mounik

Tout aktivite yo se gratwit

Dechaje dokiman>
KONFERANS

Ekzil la nan èv mwen yo
ANTHONY PHELPS
(Ayiti, Pari ak Monreyal)

Me 18. Jen 2014 • 19 vè
Enstiti Franse
Kaulbachstr. 13, Mounik
scroll oben scroll oben

HILARIO BATISTA FÉLIX
KIBA / AYITI
HILARIO BATISTA FÉLIX
Pedagòg, Jounalis
KONFERANS

Kreyòl la, yon kilti rezistans nan Karayib la.

FILM

Potoprens (Ayiti): anvan - apre trambleman tè a

 

DRA. DIGNA CASTAÑEDA FUERTES
KIBA
DRA. DIGNA CASTAÑEDA FUERTES
Istoryenn
KONFERANS. Tèm ki pwopoze yo

Varyete nan prezans fanm yo ki te nan esklavaj la nan lit kont rejim kolonyal la nan sosyete karibyen an.

Ayiti esklavaj la ak ak regleman nan la vi ibenn nan.

Revolisyon ayisyen an, libète total de kolonyalis ak restriksyon an.

LOUIS-PHILIPPE DALEMBERT
AYITI / PARI
LOUIS-PHILIPPE DALEMBERT
Ekrivèn
KONFERANS

Vakabonday nan Literati

Alfred Gulden
ALMAY
Alfred Gulden
Ekrivèn, sineyas, mizisyen
FILM

Sechèl
Detay yo >

KARL HAIMEL
OUTRICH
KARL HAIMEL
Fotograf
EKSPOZISYON

Moun Kreyòl la
Detay yo >

KALLE LAAR
ALMAY
KALLE LAAR
Desinatè Son, Otè Radyo teyat, DJ
IMAJ AK SON

"Vodou Eksotik"
Orijinal ak falsifikasyon, dokiman ak eksotism, rév ak apropyasyon.
Detay yo >

Bertha Lemus
KIBA / AYITI
BERTHA LEMUS
Pent
EKSPOZISYON

AYITI: "Viv revolisyon an"
Detay yo >

AntHONY PHELPS
AYITI / PARI / MONTREAL
ANtHONY PHELPS
Ekrivèn
KONFERANS

Ekzil la nan èv mwen yo
Detay yo >

scroll oben scroll oben

HILARIO BATISTA FÉLIX
KIBA / AYITI
HILARIO BATISTA FÉLIX
Pedagòg, Jounalis
Hilario Batista Félix te ne 14 mas 1955 nan pwovens Camaguey, Kiba. Paran li yo te soti Ayiti. Li travay nan depatman kilti Kreyòl nan Radio Laavann kiba e se prezidan Bannzil Kreyòl Kiba kap travay pou konseve kilti, lang e tradisyon Kreyòl la nan Kiba Li deja bay Konferans nan Ayiti, Matinik, Gwadloup, Kanada e nan plizyè evennman ki reyalize nan kiba. Plizyè aksyon li yo anfas kreyòl la deja pibliye nan jounal, revi nasyonal ak entenaasyonal yo.

DR. DIGNA CASTAÑEDA FUERTES
KIBA
DR. DIGNA CASTAÑEDA FUERTES
Historien

Prezidan gwoup envestigasyon sou etid karayib la nan Inivesite Laavann an, se manm Inyon atis, ekriven, li deja bay konferans sou wòl fanm yo nan Ayiti, kiba ak nan karayib la pami yo gen gen Inivesite Otonom Santo doinmgo, Repiblik Dominikani Inivesite san Francisco, Etazini, henpshire College, Etazini. Li travay sou revolisyon 1797 rive 1804 nan pey Ayiti. Deja pibliye plizyé fwa travay li yo nan revi nasyonal ak entenasyonal yo. Li oganize diferan semine e prezantsyon sou abolisyon esklavaj la nan pey Ayiti ak wól fanm yo nan sosyete ayisyen an anvan e apre revolisyon. Digna Castañeda Fuentes pale franse, ris, angle, panyòl ak kreyòl.

LOUIS-PHILIPPE DALEMBERT
AYITI / PARI
LOUIS-PHILIPPE DALEMBERT
Ekrivèn
Louis Philippe dalembert te ne 8 D an 1962 nan Potoprens Ayiti, se yon nan ekriven an franse, otè woman, kont ak pwezi. Dalembert te pase premye ane li yo nan Bel Air, yon katye pòv nan kapital ayisyen an, se te epòk diktati Papa Dòk la, lè sa Dalembert te enterese sou film lwès etazinyen yo e li te wè premyè film sou kung-fou yo e denyè mizik tango yo nan Pari, li te etidye Jounalis ak Literati. Dalembert l ap travay nan peyi l tankou jounalis, an 1986 li te vwayaje an Frans e fè yon doktora nan inivesite La Sòbònn nan Literati, baze nan liv ekriven kiben an Alejo Carpentier. Èv literè li yo baze nan yon karaktè ki ranfose yon tansyon ant yon ti moun e yon gran moun. Dalembert gen rezidans o Pari ak Potoprens.

Alfred Gulden
ALMAY
ALFRED GULDEN
Ekrivèn
Alfred gulden ne nan Senlwis Eta Sarre, yon vil ki fwontyè ant almay e la Frans ki fè pou li nenpòt fwontyè se yon tèm travay pou film ak literati li yo, egzanp gen Grenzlandschaft se senk film pou televizyon gen tou woman Greyhound, dieleidinger hochzeit ak Obnehaus menm jan tou ak yon volim ekriti li yo ki gen yon tit pragmatik Nur Auf der Grenze bin Zuhaus ki vle di se sèlman nan fwontyè a, mwen lakay mwen, e nan etranje pami pri yo gen, Pri eta Baviera sou pwomosyon literati a, Pri Estefann Andre ak Pri kranichhstein de fon literati Almay la, ak yon bous nan Nouyòk. Li se manm PEN e li gen yon pri nan At Sarre Chevalye lód nan At ak Lèt yo.

Karl Haimel
OUTRICH
KARL HAIMEL
Fotograf
Li te ne nan Vyenn an 1944, travay li yo konsantre travay li yo sou peyi amerik di Sid yo e Kiba. An 1978 li te pase kèk mwa ap viv ak abitan orijin de Alto orinoco e fè anpil foto sou yo pandan tout denyen ane sa yo li te mete sou pye plizyè pwojè nan Laavann nan ak dokiman ki koresponn yo. Travay li yo deja ekspoze nan vil Bogota, Cartagenas, Repiblik Chèk, Krakovi, Dousseldort, Laavan, Helsinki, Kiev, Lima elatriye. Karl Haimel ap viv e ak travay tankou fotograf nan Vyenn.

Kalle Laar
ALMAY
KALLE LAAR
Desinatè Son, Otè Radyo teyat, DJ
Ekspozisyon ak Pefómans pami yo, nan Byenal venesya, ak Laavann, Trasmediale Berlen, Ars Elektwonik linz, devlopman pwoje  pou ouveti calling The Glacier ak Politraumau 01, Org Pwoje Ertre, Konstriksyon yon koleksyon sou acetato ak istwa kontemporen. Prezentasyon ak konferans yo, pami yo sou son ak at e Istwa acetato a, Travay pedagojik sou pesépsyon Son an  denyèman nan Inivesite Nanjang, Singapour.
Li abite nan krailling, toupre Munich ak nan Vyenn

 

Bertha Lemus
KIBA / AYITI
BERTHA LEMUS
Pent
Li ne nan Santiago Kiba an 1940, se dokté an syans pedagojik, atis naif, manm kominote atistik Yeti UNEAC, manm Pwojé kominote Imaj Paseo del Prado, ak li se pati gwoup pent entwitiv yo.
Li resevwa distinsyon Raul Gomez Garcia, Pri Yeti Salon plaj Galeri Servando Cabrera en 2007 ak yon rekonensans nan konkou La Flor de la mariposa ki vle di flé papiyon an 2011 la.
Bertha Lemus pentire Karayib la melanje ak blag istwa popilé yo, mitoloji, relijyon ki gen ladan yo fanm karibyen yo tankou potomitan atravé ekspresyon kó yo. Travay Bertha yo se yon omaj a fanm aktyél yo, ki gen belte ak bon jan eneji sou yo.

Anthony Phelps
AYITI / PARI / MONTREAL
ANTHONY PHELPS
Ekrivèn

Anthony Phelps pwèt ak konferansye li te ne nan Potoprens an 1928 li te etidye Chimik nan Etazini ak Penti nan Monreyal Kanada.
An 1954 li te retounen Ayiti ansanm ak Woland Moriso, Rene Philoutele ak Ogis Teno yo te fonde goupman Ayiti Literati ak revi Semans. An 1964 diktati Divalye a te fè l egzile pou kanada, apre li te pase prizon tou. Anthony Phelps travay kòm otè, atis plastik e jounalis, li deja resevwa anpil pri, pami yo nou ka site pandan 2 fwa Pri Casas se la Americas nan pwezi, nan Kiba, apre 2o tan aktivite yo tankou Redaktè nouvèl nan Radio Kanada. Apati 1985 li dedye a ekri, èv literè yo, konprann liv pwezi, anrejistre disk li yo ak pou lòt otè tout ak blag, woman, kont, Elatriye.
Travay li yo deja tradwi nan anpil lang, nan alman li pibliye jiska prezan woman Mwen lanfini, Denn wiederkenbre wild unendlichkeit Berlen- Weimer- Autba- verling 1976.

scroll oben

Ak kolaborasyon de

sponsoren
web by vpdesigns

IMPRESSUM

Inhaltlich verantwortlich gemäß § 55 Abs. 2 RStV:
Siegfried Kaden

c/o Jose Alberto Menendez
Calle 17 Nr. 495, Piso 1, Apto. 1
VEDADO, Ciudad de la Habana
Cuba

Trotz sorgfältiger inhaltlicher Kontrolle übernehmen wir keine Haftung für die Inhalte externer Links. Für den Inhalt der verlinkten Seiten sind ausschließlich deren Betreiber verantwortlich.